![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
|||||||
Fason yo administre ka nan Sant Ryan nan te fèt pou yo ka konekte ou ap seri sèvis ki nesesè epi ki pi konplè a. Nan Sant Ryan nan, yo fè evalyasyon bezwen chak moun apa, yo etabli yon seri plan yo vle reyalize epi yo bay chak moun fasilite pou moun nan jwenn sèvis li bezwen yo ak sèvis ki nesesè yo. Yon Manadjè Ka rankontre ak chak nouvo malad ki enskri epi manadjè ka a etabli yon rapò ak malad la pou yo ka travay ansanm. Manadjè ka ki travay nan Ryan nan ede kliyan yo yon fason ki respekte diyite kliyan yo. Epi bi manadjè ka yo se pou yo etabli yon sistèm kote chak kliyan ap jwenn sipò pandan moman difisil. Manadjè Ka yo gen eksperyans, yo gen konesans epi yo se pwofesyonèl ki konn travay yo epi yo defann dwa malad yo,. Yo bay sipò espesyal, yo bay kliyan yo sèvis pou ede kliyan yo aprann enfòmasyon sou maladi a. Yo bay kliyan yo èd pou yo jwenn nouvo lojman ak kay ki konvni yo pou yo rete, yo ede yo jwenn benefis pou asirans ak asistans piblik. Yo travay nan sistèm ki ede moun jwenn moun ki pou pran swen yo pou yo ka ede kliyan yo retounen al jwenn fanmi yo. Pou ou jwenn plis enfòmasyon sou Fason yo Administre Ka nan Sant Ryan, tanpri rele: 212 769-7229. |
|||||||
| yon timo sou website sa a | |||||||