![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
|||||||
Pwogram pou Aprann Moun kouman pou Yo Evite Maladi ak Pwogram Aktivite Espesyal pou Ankouraje Moun Pran Tout Avantaj Pwogram sou Lasante a vize pou yo jwenn malad yo kote malad sa yo konnn rankontre, sa vle di nan kwen lari, nan ba kote pederas ale, nan bilding kote moun ale pou yo al benyen, nan pak, ak nan kote ki byen chwazi tou patou nan kominote a. Pwogram nan fè sa pou yo ka bay chak moun sa yo konsèy apa oswa pou pwogram nan ka fè prezantasyon pou ti gwoup ki pa gen anpil moun ladan yo, epi pou moun ki nan menm pwoblèm nan yo kapab bay lòt moun sa yo enfòmasyon sou pwoblèm nan, epi pou yo ka bay klas ki fèt espesyalman pou bay moun sa yo ransèyman sou HIV/SIDA. Pwogram nan bay enfòmasyon ki klè epi ki pa gen manti ladan li sou HIV/SIDA. Konsa, ou ka fè pi bon chwa ki genyen an paske ou gen anpil enfòmasyon. Wap aprann kouman pou ou evite maladi yon moun pase bay yon lòt moun nan fè sèks tou. Pwogram nan fè tout sa li kapab pou li reponn a bezwen kominote ki enfekte ak HIV ansanm ak rezidan ki nan risk pou yo gen enfeksyon HIV a. Swen kominote sa a bezwen an kontinye ap chanje epi kominote a bezwen plis bagay toujou. Sa pwogram nan fè, li toujou ap chèche konnen ki sa kominote ki enfekte ak HIV a ak rezidan ki nan risk pou gen enfeksyon HIV a bezwen epi ki sa moun sa yo pa ka jwenn. Epi, pwogram nan chèche bay moun sa yo tretman ki byen kowòdone. Pou pwogram nan fè aktivite sa yo, pwogram nan kontakte moun ki nan risk pou yo gen enfeksyon HIV yo epi li ba yo mesaj sou fason pou yo evite pran HIV. Pwogram nan montre yo teknik pou fè sèks san danje, li ankouraje moun yo pou yo panse sou fason pou yo ta chanje konpòtman seksyèl yo, epi li ba yo materyèl pou ede yo redwi danje a. Peer Training Institute (PTI) fè klas moun jenn timoun ki nan kominote ki gen risk pou yo pran HIV a. Li montre jenn timoun ki gen ant 14 a 22 kouman pou yo aprann lòt jenn timoun parèy yo kouman pou yo evite pran HIV ak anpil siksè. Epi li konsantre li sou:
Pou ou jwenn plis enfòmasyon sou Fason pou Aprann kouman pou Evite Maladi ak Pwogram pou Bay Kominote a Enfòmasyon Li Bezwen yo tanpri rele: 212/769-7269. Nan gwo Efò kap fèt pou Prevention Education and Outreach [Pwogram pou Aprann Moun kouman pou Yo Evite Maladi ak Pwogram Aktivite Espesyal pou Ankouraje Moun Pran Tout Avantaj Pwogram sou Lasante a], geyen:
|
|||||||
| yon timo sou website sa a | |||||||